Mizik sa a se pa yon mizik pou danse, se yon mizik pou konsyantize. Tiemdi pèsonifye sosyete a pou li pale avè l' tankou se yon moun li konnen byen, yon zanmi ke li vle ede. Li abòde divès aspè enpòtan ki pou pèmèt yon sosyete viv byen.
Youn nan fondman yon sosyete se la JISTIS. Lè nou pale de Jistis, nou pa sèlman pale de tribinal ak jij, nou pale tou de aksyon chak moun nan kominote l'ap viv la. Chak moun sipoze kontribiye pou sosyete a devlope, e poze dè zaksyon ki pwal avantaje MAJORITE a.
Tiemdi - Nou Konnen Yo
1,29C$Prix